Accessibility links

Breaking News

Lapolis Peyi Irigwe Arete Marcelo Piloto, Pi Gwo Trafikan Dwòg Brezilyen an


Nouvèl ki sòti Brezil fè konnen moun yo konsidere kòm swadizan pi gwo trafikan dwòg nan peyi a, Marcelo Piloto, tonbe anba men lapolis nan peyi vwazen Paragwe.
Daprè otorite brezilyen yo, lapolis paragweyen mete men sou Marcelo Piloto nan jounen mèkredi 13 desanm 2017 la. Misye tonbe anba akizasyon deske li komèt asasina epi li distribiye dwòg ak zam bay pi gwo gang kriminèl vil Rio de Janeiro a, O Comando Vermelho, oubyen Kòmandman Wouj. Se katèl dwòg sa a ak kèk lòt gank kap kontwole pi fò nan katye pòv yo oubyen flavelas yo, nan vil Rio.

XS
SM
MD
LG