Accessibility links

Breaking News

Brezil–Politik: Sena a Pare pou Vote pou Revoke Prezidan Dilma Rousseff

Prezidan Dilma Rousseff (chita, adwat) ki tap defann tèt li nan jounen lendi 29 out 2016 la.
Prezidan Dilma Rousseff (chita, adwat) ki tap defann tèt li nan jounen lendi 29 out 2016 la.

O Brezil, avoka ki enplike nan pwosè palman an ap fè kont Prezidan Dilma Rousseff ak posiblite pou wete l sou pouvwa a, mete fen nan deba yo douvanjou mèkredi 31 out 2016 la nan moman obsèvatè yo atann yo aske Sena a vote pi ta nan jounen an pou revoke Prezidan an. Gran Kò a pase tout nuit la ap fè pledwaye sou yon dosye ki okipe atansyon tout popilasyon brezilyèn nan. Prensipal avoka-defans Madam Rousseff la, Mèt José Eduardo Cardozo, pale pou l denonse akizasyon an kòm yon koudeta. Mèt Cardozo di :

Yon fanatik Prezidan Roussef kenbe yon postè ki di an pòtigè "lidè koudeta" oubyen "panzouyis" pandan yon manifestasyon kont Prezidan pwovizwa a, Michel Temer nan Rio de Janeiro, Brezil, lendi 29 out 2016 la.

“Pinga nou kite peyi nou an sibi yon koudeta palmantè. Pinga nou kite yon sitwayèn onèt, korèk, ki kanpe sou prensip... pinga nou kite yo pini li ak yon lanmò politik. Pou n evite sa repete nan lavni, se pou yon moun kanpe pou di: Madam Russef, ekskize nou, nou gen regrè; nou regrèt sa diktati fè w la; nou regrèt sa swadizan demokrasi nou an fè w. Silvouplè, mezanmi, vote pou jistis e pou demokrasi.”

Palmantè ki apiye pwosè a akize Prezidan Rousseff deske li ta sèvi ak lajan li te pran nan kont-Leta pou l te kouvri defisi bidjè gouvènman an nan yon efò pou l te kore popilarite li nan moman Brezil tap pare pou eleksyon prezidansyel nan lane 2014; epi li te fè tout sa li te kapab pou li kase fèy, kouvri sa.

Nan jounen lendi 20 out la, Prezidan an te pale pandan 30 minit pou l te defann administrasyon n nan. Li te akize opozan l yo deske yo vini ak pwosè sa a pou ba l yon koudeta epi bloke pwogrè demokrasi brezilyèn nan. Sepandan se pa konsa avoka akizasyon yo wè kesyon an. Prensipal ladan yo se Mèt Janaina Paschoal ki di dosye yo montre premye fanm ki monte prezidan nan peyi a koupab tout bon. Avoka Paschoal deklare:

Avoka Janaina Paschoal (chita, an wouj) pandan li tap pale ak kèk senatè ki an favè revokasyon Prezidan Dilma Rousseff pandan seyans palmantè ki dewoule sou posiblite pou wete Madam Rousseff sou pouvwa a. (Foto: Brazilya, Brezil, 26 out 2016 la).

“Se pa tou senpleman paske Prezidan an bay manti; men tou se paske kaye kontab yo ak dosye yo bay manti. Mesye Prezidan Sena a, kite m di fwod la, koken an te total-kapital. Fwod la te nan deklarasyon yo te fè; li te nan sa yo te ekri. Espesyalis ki tcheke dosye yo pa panse Prezidan an te di nou laverite. Alòs, èske sete yon fwod elektoral ou pa?”

Sena brezilyen an pral vote sou kesyon revokasyon an pi ta nan jounen mèkredi a. Sou 81 palmantè ki nan Gran Kò a, 54 dwe vote "wi" pou rezilta vòt sou revokasyon prezidan an tounen yon desizyon irevokab. Daprè sous ki pwòch palman an, tandans majorite senatè yo an favè revokasyon Madam Rousseff.

XS
SM
MD
LG