Accessibility links

Breaking News

Blinken pran Direksyon Ikrèn nan Mitan Tansyon ak Larisi


FILE PHOTO: U.S. Secretary of State Blinken speaks about Russia and Ukraine at State Department in Washington
FILE PHOTO: U.S. Secretary of State Blinken speaks about Russia and Ukraine at State Department in Washington

Sekretè d'Eta Antony Blinken nan wout pou ale Ikrèn kote li pral fè chita tande avek prezidan peyi a pandan gen krent kap kontinye ke Larisi ap planifye pou l anvayi vwazen ni.

Prensipal diplomat Etazini an, ki pwal rankontre nan Kyèv ak prezidan Volodymyr Zelensky, "pwal ranfòse angajman Etazini pou fè respekte dwa granmoun peyi Ukrèn ak tout teritwa li", dapre pòtpawòl depatman Deta Ned Price.

Anthony Blinken pwale jedi nan Bèlen ann Almay pou pale ak Wayòm Ini, LaFrans ak Almay sou kesyon Ikrèn nan, dapre kominike a. 4 pwians yo pwal boukante efò ansanm pou dekouraje LaRusi fè plis agresyon sou Ukrèn, e nan efò sa yo gen desizyon alye ak patnè yo pou yo enpoze gwo konsekans sou LaRisi e fè l peye yon gwo pri ekonomik," Ned Price deklare.

XS
SM
MD
LG