Sekretè d'Eta Ameriken an Antony Blinken eksprime ke sote li Jedi sou sa li dekri tankou "poz agresiv' la Risi pran vizavi Ikrèn. Blinken fè komante sa a nan moman li tap pare pou'l rankontre ak Minis Afè Etranjè Ukrenyen an Dmytro Kuleba kèk hè'd tan anvan yon chita pale ak tokay Ris li a, Sergey Lavrov.
"Ou konnen, pèp Ikrèn nan o kouran de angajman fèm Etazini pran vizavi entegrite teritoryal Ikrèn, souvrènte peyi a epi endepandans li," Blinken di Kuleba nan vil Stockholm, kapital la Suèd.
Kuleba bo kote pa li deklare Ikrèn pral "kontinye pran pasyans" an menm tan ke li lanse apèl bay alye yo pou yo pare aksyon ki taka fè Prezidan Ris la Vladimir Putin "reflechi 2 fwa anvan li poze yon aksyon militè."
Apre yon rankont ak alye L'OTAN yo (Trete Atlantik No a) Mekredi, Blinken te deklare pami mezi yo ka anvizaje, genyen "divès mezi ki ta gen gwo enpak ekonomik ke nou evite sèvi nan le pase."
Li ajoute La Risi pral fè fas ak "konsekans ki rive lwen e ki dire lontan" si li komèt yon nouvo zak agresyon kont Ikrèn, e ke "diplomasi se sèl fason responsab pou rezoud kriz potansyèl sa a."
Yon wo responsab Depatman Deta di jounalis yo Blinken pral reitere pwen sa yo dirèkteman pandan chita pale li ak Minis Afè Etranjè Ris Sergey Lavrov jodia.