Accessibility links

Breaking News

Blinken Defann Retre Etazuni Pou Soti Afghanistan


Foto Achiv: Sekrete D'Eta Antony Blinken.
Foto Achiv: Sekrete D'Eta Antony Blinken.

Sekrete D'eta Ameriken Antony Blinken ap reponn kestyon Kongre a Lendi, kote l'ap defann ak tout fos li retre milite Etazuni te konplete mwa pase a nan Afghanistan. Retre sa a mete fen nan 20 an lage - ki se peryod pi lontan peyi a janm fe lage nan listwa li.

Si Prezidan Joe Biden te deside mentni fos zame nan Afghanistan sa t'ap mande "pou nou voye yon nonm sibstansyel twoup nan peyi Afghanistan pou defann tet nou epi anpeche Taleban an pran kontwol peyi a, s t'ap rezilte nan viktim - e pi bon rezilta nou te ka espere se restore yon enpas epi rete bloke nan Afghannistan pandan y'ap atake nou endefiniman," Blinken di komite la Chanm de Reprezantan kap travay sou Zafe Etranje.

Taleban an te pran kontwol peyi a nan mitan mwad Out la, e Prezidan Afghan an, Ashraf Ghani te kouri kite peyi a pou'l al lage ko'l nan Emira Arab Uni. Etazuni te evakye 124,000 moun apre sa - pi fo pami yo se Afghan, ansanm ak 5,500 Ameriken. Evakyasyon an fet depi ayeropo Kaboul la, denye jou mwad Out yo. Yo te kite deye yon afe de 100 Ameriken.

Gen kek pami Ameriken sa yo ki jwenn mwayen pou yo kite peyi a swa nan machin oubyen abo avyon avek asistans Taleban an.

Blinken deklare responsab Ameriken yo pat prevwa echek gouvenman Afghan an vit konsa, malgre avans Taleban an te fe toupatou nan peyi a.

"Menm evalyasyon pi pesimis yo pat predi fos gouvenman yo nan Kaboul tapral echwe pandan twoup Ameriken yo te toujou nan peyi a," Blinken di Kongre a.

Sekrete D'Eta a fe konnen malgre prensipal evakyasyon an fini, Etazuni ap kontinye san rete, jefo pou pou ede Ameriken ki toujou nan Afghanistan, ansanm ak sitwayen peyi zanmi yo kite peyi sa a si yo chwazi pou fe sa.

Blinken pral siman fe fas ak kestyon difisil anko Madi le li va re-paret devan komite La Chanm nan epi apre sa Mmadi le li reponn kestyon komite Sena a k'ap travay sou Afe Etranje.

Se jounalis Ken Bredemeier ki ekri vesyon orijinal nouvel sa a

XS
SM
MD
LG