Nan Birmani, lidè opozisyon an, Aung San Suu Kyi, anonse ofisyèlman kandidati li pou yon sièj nan palman nan eleksyon ki pral dewoule nan peyi a.
Madam Suu Kyi, ki se yon loreya Pri Nobel Lapè, poze kandidati li mèkredi 18 janvye 2012 la pou yon sikonskripsyon ki tou prè vil prensipal peyi a, Rangoon.
Li menm ak lòt manm Lig Nasyonal pou Demokrasi a (pati li te fòme a) pral nan kous pou 48 sièj k ap ouvè nan eleksyon yo ki fikse pou premye avril 2012 la.
Desizyon Aung San Suu Kyi pou l ale dèyè yon pòs nan palman an se dènye prèv ki montre refòm demokratik sou pye nan peyi a.
Nan mwa mas ane pase a, yon gouvènman sivil te pran pouvwa a nan men yon jent militè ki t ap dirije Bimani depi yon dizèn lane.
Nouvo gouvènman an te pran desizyon lage plizyè santèn prizonye politik.