Accessibility links

Breaking News

Biden, Xi Eseye Diminye Tansyon ant 2 Peyi yo Pandan yon Rankont Vityèl


Prezidan Joe Biden fe yon rankont virtyel ak Prezidan Chinwa a Xi Jinping nan Lamezonblanch, Washington, 15 Nov. 2021.
Prezidan Joe Biden fe yon rankont virtyel ak Prezidan Chinwa a Xi Jinping nan Lamezonblanch, Washington, 15 Nov. 2021.

Prezidan Joe Biden ak Prezidan La Chin, Xi Jinping dakò ke yo bezwen pran anpil prekosyon ann moman peyi yo ap fe fas ak plis konpetisyon fewòs.

Lidè yo te pale pandan plis pase 3 zè'd tan Lendi - pandan yon rankont virtyèl nan moman kote tansyon ant Etazini ak La Chin ogmante anpil.

Tou le 2 prezidan yo ap fè fas ak presyon lakay yo men kanmenm yo te eseye diminye tansyon ki egziste ant yo sou sèn entènasyonal la.

Biden deklare yo gen responsabilite pou rasire konpetisyon ant 2 peyi yo pa tounen yon konfli. Xi te kòdyal tou vizavi tokay Ameriken ni, e li di La Chin ak Lezetazuni bezwen ogmante kominikasyon yo ak kowoperasyon yo.

XS
SM
MD
LG