Accessibility links

Breaking News

Biden Vwayaje Kenntèki pou Li Konsole Viktim Tònad yo, Ofri Asistans Leta Federal


Prezidan Joe Biden pale ak viktim tònad yo pandan yon vizit li fè nan ti vil Dawson Springs, nan Eta Kenntiki, pou l konsta dega yo, mèkredi 15 desanm 2021.
Prezidan Joe Biden pale ak viktim tònad yo pandan yon vizit li fè nan ti vil Dawson Springs, nan Eta Kenntiki, pou l konsta dega yo, mèkredi 15 desanm 2021.

An plis viktim Eta Kenntiki yo (anviwon 70), tònad yo touye omwens 6 moun nan Eta Ilinwa kote konpayi teknoloji Amazon gen yon sant distribisyon. 4 moun pèdi lavi yo nan Eta Tenesi, 2 nan Akannzas epi 2 lòt nan Misouri.

Prezidan Joe Biden al vizite Eta Kennteki kote li rankontre otorite eta sa a ak responsab FEMA, ki se ajans federal ameriken ki la pou ede moun nan ka dezas. Rankont yo dewoule nan vil Mayfield mèkredi 15 desanm nan.

Prezidan an pwomèt asistans federal pou Kenntiki e li te gen yon mo espesyal pou sitwayen eta sa a ke li felisite pou kouraj ak espri tèt-ansanm yo montre fas ak trajedi ki frape yo a.

Biden Vwayaje Kentucky Pou Konsole Viktim Tornad yo, Ofri Asistans
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:20 0:00


Prezidan Biden fè konsta dega yo nan vyon, kote li te ka wè plizyè katye nan vil Mayfield kote tèt kay yo rache, vit yo kraze ak debri ki epapiye tout kote.

Lidè ameriken an dekri dega li wè yo kòm dega ki pi grav li janm wè e li pwomèt asistans federal pa pou kounye a sèlman, men gouvènman an pral kontinye ede popilasyon sinistre a nan lavni tou. Prezidan an deklare:

"Prensipal bagay mwen vle di sè ke emosyon anvayi mwen. Mwen mande responsab yo nan FEMA ak Depatman Sekirite Enterye kisa ki pi enpresyone yo. Mwen t ap panse a dega yo. Yo reponn pou di se fason yo wè nou menm isit la, nou tout mete tèt nou ansanm nan kominote a. Se konsa bagay yo dwe fèt. Pa gen tònad wouj ak tònad ble (demokrat ak repibliken). Pa gen eta demokrat ak repibliken lè bagay konsa rive. An tou ka, nan eksperyans pa m, se yon moman kote moun mete tèt yo ansanm e se sa m konstate isit la."

N ap raple ke 5 tònad te frape Eta Kenntiki; youn nan yo te kouvri yon distans 322 kilomèt, daprè sa otorite yo di.

An plis viktim Eta Kenntiki yo, tònad yo touye omwens 6 moun nan Eta Ilinwa kote konpayi teknoloji Amazon gen yon sant distribisyon. 4 moun pèdi lavi yo nan Eta Tenesi, 2 nan Akanzas epi 2 lòt nan Misouri.

Sous enfòmasyon ki nan repòtaj sa a se Associated Press

XS
SM
MD
LG