Accessibility links

Breaking News

Biden Rive Kentucky Pou Konsole Viktim Tornad yo, Ofri Asistans


Prezidan Joe Biden salye ansyen gouvènè Steve Besheer (2e a goch) Gouvènè Kentucky Andy Beshear (3e a goch) ak madanm ni Britainy apre li rive nan Fort Campbell, eta Kentucky, Mekredi 15 Desanm.
Prezidan Joe Biden salye ansyen gouvènè Steve Besheer (2e a goch) Gouvènè Kentucky Andy Beshear (3e a goch) ak madanm ni Britainy apre li rive nan Fort Campbell, eta Kentucky, Mekredi 15 Desanm.

Prezidan Biden ap vizite eta Kentucky pou'l fè konsta dega yon tornad fè nan eta sa a epi ofri sipo gouvènman federal la pou viktim yo.

Tornad ki frape rejyon an vandredi te lakoz plizyè douzèn moun mouri epi dè milye lot pèdi kay yo. Pou sak pa pèdi kay yo elektrisite, dlo ak chofaj koupe nèt.

Gen plis pase 30 tornad ki te frape Kentucky ak omwens 4 lot eta pandan wikenn nan. Move tan an touye omwens 88 moun, detwi kay, koupe fil elektrik epi bloke sitwayen yo nan moman kote gwo fredi antre sou yo.

Biden ap vizite Fort Campbell, kote responsab yo ap ranseye li sou sityasyon an epi apre sa li pral nan vil Mayfield ak Dawson Springs kote li va fè konsta dega yo.

XS
SM
MD
LG