Accessibility links

Breaking News

Nan Kentucky, Move Tan Lakoz Omwens 70 Moun Mouri


Moun fe konsta dega yon tornad koze nan vil Mayfield, eta Kentucky, Samdi 11 Dec. 2021.
Moun fe konsta dega yon tornad koze nan vil Mayfield, eta Kentucky, Samdi 11 Dec. 2021.

Gouvènè eta Kentucky a, Andy Beshear deklare li krenn tornad touye 70 moun nan eta a e ke bilan viktim yo taka depase 100.

Gwo move tan frape eta a Vandredi nan aswè, epi koze dega katastwofik nan rejyon an.

Polisye eta Kentucky Sarah Burgess fè konnen sekouris yo ap fouye dekonb yo pou chache viktim jodi Samdi a men li poko ka di egzakteman konbyen moun ki mouri.

Jij de pè ale nan yon faktori ki fabrike bouji nan wès eta Kentucky kote yo jwenn plizyè kadav, men polisye a di li pa konnen konbyen moun yo jwenn.

XS
SM
MD
LG