WASHINGTON —
Prezidan Joe Biden siyen yon lod egzekitif ki mande pou gouvèmman an jere kypto-lajan an. Li ankouraje Rezèv Federal la tou pou'l eksplore si bank santral la pata dwe kreye pwop lajan nimerik pa li.
Administrasyon Biden nan konsidere popilarite eksplozif krypto-lajan an tankou yon opotinite pou'l egzamine risk yo ak benefis yo.
Lod egzekitif la se yon bagay endistri finans la tap tann ak enpasyans, ansanm ak moun ki konpare mache krypto-lajan an ak Oksidan Sovaj la.
Lod la siyen nan moman anpil moun gen kè sote dèske La Risi ap sèvi ak krypto-lajan pou chape anba konsekans finansye sanksyon alye Oksidantal yo enpoze kont li akoz envazyon Ikrèn nan.