Accessibility links

Breaking News

Prezidan Joe Biden Tabli yon Oryantasyon Tou Nèf pou Relasyon Etranjè Lèzetazini


Prezidan Joe Biden te fèk rive nan Depatman Deta pou l fè diskou li sou relasyon entènasyonal USA jedi 4 fevriye 2021 an,
Prezidan Joe Biden te fèk rive nan Depatman Deta pou l fè diskou li sou relasyon entènasyonal USA jedi 4 fevriye 2021 an,

Pandan yon vizit Prezidan ameriken an, Joe Biden, fè nan Depatman Deta a jedi 4 fevriye a, li pran lapawòl pou l presize nan ki direksyon li vle politik etranjè Lezetazini an ale. Lidè ameriken an fikse, san twòp detay, oryantasyon administatsoyn li a pral bay relasyon entènasyonal, politik etranjè Lezetazin pandan 4 tran k ap vini la yo nan premye diskou enpòtan li pwononse sou dosye a depi li te monte sou pouvwa a. Menmsi M. Biden pa bay nan doskou sa a detay presi sou apwòch tou nèf Lezetazini pral pran vizavi advèsè etranje li yo -tankou Lachin, Kore di Nò, Larisi ak Iran-, li prezante vizyon li sou fason Washington pral kowopere ak alye li yo pou yo konfwonte ansanm defi mondyal ki poze devan yo tout.

Nan diskou sa a, Prezidan Joe Biden pwomèt ke Lèzetazini pral ranfòse seryezman angajman li vizavi rès mond la pandan manda l ap pase nan La Mezon Blanch la. Konsa li pral mete fen nan sa ki, dapre pwòp pawòl li, reprezante “ane neglijans ak abi” ansyen Prezidan Donald Trump te komèt nan relasyon etranjè Lezetazini. Misye Biden deklare:

“Lèzetazini retounen. Lèzetazini pa kapab peye l “le luxe” pou l absan sou sèn mondyal la. Diplomasi twouve l nan mitan politik etranjè nou.”

Vis Prezidant la, Kamala Harris (a goch) ki t ap asiste sèn nan pandan Prezidan Joe Biden t ap fe diskou sou politik etranjè USA nan Depatman Deta a Jedi 4 fevriye 2021 an, nan Washington. (Foto AP/Evan Vucci)
Vis Prezidant la, Kamala Harris (a goch) ki t ap asiste sèn nan pandan Prezidan Joe Biden t ap fe diskou sou politik etranjè USA nan Depatman Deta a Jedi 4 fevriye 2021 an, nan Washington. (Foto AP/Evan Vucci)

Pi lwen nan diskou a, M. Biden di “alyans Lèzetazini yo reprezante pi gwo avwa nou posede” pandan li lanse yon avètisman bay Larisi ak Lachin pou l di “yo pa ta dwe doute de fèm resolisyon, de fèm volonte Lèzetazini.” N ap raple ke lè ansyen Prezidan Donald Trump t ap pwone slogan “Lèzetazini dabò” li a, byen souvan li te tonbe nan zen, li te fonbe nan zizani ak alye tradisyonèl Lèzetazini yo alòske, an menm tan, li te mete yon soudin nan bouch li lè li t ap negosye avek peyi ki gen sistèm diktatoryal yo.

Misye Biden fè konnen, pa egzanp, semèn pase a li te gen yon konvèsasyon telefonik ak prezidan ris la, Vladimir Putin; konvèsasyon kote li te di li kareman: “Jou sila yo kote Lèzetazini te koube do li, te woule atè, pou l kite Moskou fè tout sa l vle a, ebyen! Jou sa yo pase e depase.”

XS
SM
MD
LG