Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Ede Devwale Pòtre Obama nan Lamezonblanch


Premye dam Michelle Obama ak Prezidan Barack Obama rive nan Lamezonblanch pou seremoni Meday Prezidansyel Libete a nan sal Es Lamezonblanch la, Madi 24 Nov. 2015 nan Washington.
Premye dam Michelle Obama ak Prezidan Barack Obama rive nan Lamezonblanch pou seremoni Meday Prezidansyel Libete a nan sal Es Lamezonblanch la, Madi 24 Nov. 2015 nan Washington.

Sa fè plis pase yon ane depi Prezidan Barack Obama ak madanm ni Michelle te akeyi George W. Bush ak madanm ni Laura pou devwale pòtre yo nan Lamezonblanch.

Rityèl sa a se yon tradisyon nan Washington ke moun renmen anpil, e ki simonte politik patizan depi plizyè deseni.

Prezidan Joe Biden ak madanm ni, Jill pare pou yo re-bay tradisyon sa a vi - apre yon kanpe pandan ane kote Trump te nan Lamezonblanch. Biden yo pral akeyi Obama yo pou gwo revelasyon pòtre yo, Mekredi.

Tablo Obama yo pap sanble okenn tablo ki fè pati koleksyon Lamezonblanch la.

Yo se premye prezidan ak premyè dam nwa peyi Etazini.

XS
SM
MD
LG