Accessibility links

Breaking News

Biden Entèdi Prezidan Nikaragwa ak Tout Minis yo Antre Ozetazini


In this file photo taken on November 08, 2021 Handout picture released by the Nicaraguan presidency showing Nicaragua's President Daniel Ortega
In this file photo taken on November 08, 2021 Handout picture released by the Nicaraguan presidency showing Nicaragua's President Daniel Ortega

Joe Biden te dekrete yon entediksyon Madi pou Prezidan Nikaragwa a Daniel Ortega, madanm li, Vis Prezidan Rosario Murillo, ak plizyè minis ak ofisyèl Ozetazini.

Apre eleksyon 7 Novanm lan, kote Daniel Ortega re-eli nan tèt peyi a Prezidan ameriken an nan yon tèks li pibliye li di: "Zak represyon ak abi gouvènman Ortega ak tout moun k ap sipòte l ap fè yo mande pou Lèzetazini aji".

"Mwen pran desizyon ki nan enterè Etazini. Nou mete restriksyon pou yo pa antre nan peyi Etazini, ni manm nan gouvènman Nikaragwa, ke Prezidan Daniel Ortega ap dirije, ki gen ladan madanm li, Vis-Prezidan Rosario Murillo ", ak tout moun ki apiye zak ki ap fet sou enstitisyon demokratik yo nan peyi Nikaragwa."

Yon Lis " Personae non gratae " ki gen ladann tou ofisyèl eli yo ak manm kabinè yo, majistra yo ak depite yo. Apre aparèy leta a, tout moun ki kontribiye nan zak sila yo Washington di yo menm tou yo pap ka antre Ozetazini tou.

Finalman, tout madanm ak pitit moun ki pran sanksyon yo entèdi tou pou antre Ozetazini.

GADE: Repotaj Lyonel Desmarattes sou Nikaragwa

Biden Lage Entèdiksyon Sou Do Manm Gouvènman Nikaragwayen an
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:26 0:00

XS
SM
MD
LG