Accessibility links

Breaking News

Ekonomi USA: Prezidan Biden Pote Plan Sovtaj Global Li a devan Ameriken Òdinè yo


Prezidan Joe Biden pandan yon poz nan rankont sou fòm ti koze kominotè nan vil Milwaukee, Eta Wisconsin, madi 16 fevriye 2021 an.
Prezidan Joe Biden pandan yon poz nan rankont sou fòm ti koze kominotè nan vil Milwaukee, Eta Wisconsin, madi 16 fevriye 2021 an.

Administrasyon Biden nan fè konnen gwo kokenn enjeksyon lajan sa a nan ekonomi nasyonal la –ki prevwa pou Leta federal voye yon chèk mil 400 dola bay anpil sitwayen ameriken- se yon desizyon ki vital pou anpeche yon relans ekonomik, ki deja bankal, rive nan yon pwen kote l bloke totalman.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, te chache bliye, nan jounen madi 16 fevriye a, pwoblèm ki divize manm Kongrè nan Washington, pou l t al pale direkteman ak pèp la nan yon rankont tip ti koze kominotè televise nan Eta Wisconsin, kote li chache sipò pou yon plan sovtaj ekonomik global ki monte rive yon trilyon 900 milya dola.

Pandan depite yo ak senate ameriken yo ap eseye resezi yo aprè jijman ansyen Prezidan Donald Trump la ki fini ak yon akitman, Prezidan Joe Biden gen espwa kounyela a li kapab evite yon mezantant ant Repibliken ak Demokrat si l t al pale direkteman avèk elektè òdinè yo nan yon pwogram chèn televizyon pa kab CNN transmèt depi vil Milwaukee, nan Eta Wisconsin. Se premye vwayaj ofisyèl Misye Biden lwen Washington depi li prezidan..

Prezidan Biden pandan li t ap patisipe nan rankont kominotè a ki te dewoule sou patwonaj chèn televizyon CNN
Prezidan Biden pandan li t ap patisipe nan rankont kominotè a ki te dewoule sou patwonaj chèn televizyon CNN

Pwogram asistans ekonomik Biden nan –jan laprès rele l la- kapab plis ke double lajan ki nan yon pwogram menm jan an Kongrè a te pase nan mwa desanm nan. Administrasyon amerikèn nan fè konnen gwo kokenn enjeksyon lajan sa a nan ekonomi nasyonal la –ki prevwa pou Leta federal voye yon chèk mil 400 dola bay anpil sitwayen ameriken- se yon desizyon ki vital pou anpeche yon relans ekonomik k ap mache bwete, rive nan yon pwen kote l bloke totalman, lap make l pa an plas.

Yon lòt objektif gwo dekesman lajan sa a se ranfòse yon gwo kanpay vaksinasyon kont maladi kowonaviris bay la, KOVID-19). Kanpay sa a reprezante yon gwo defi sou plan lojistik, medikal ak finansye ki ka deside si wi ou non Joe Biden ap jwenn bon kanè pou sa li va reyalize pandan tout premye manda l la sou pouvwa.

Sepandan, tout gwo kantite kòb plan sa a mande pou gouvènman federal la depanse a, mete sou kèk nan detay ki mache ak alokasyon lajan sa a, fè pi fò manm repibliken Kongrè a ap souke tèt yo pou yo mande si tout depans sa a nesese e si plan sojtaj ekonomik Biden nan pral reyalize objektif li.

XS
SM
MD
LG