Accessibility links

Breaking News

Biden Defann Fason li Jere Retre Twoup Ameriken nan Afghanistan


Prezidan Etazuni Joe Biden pale sou fen lage Afghanistan an depi Sal a Manje Ofisyel Mezon Blanch la, 31 Out, 2021.
Prezidan Etazuni Joe Biden pale sou fen lage Afghanistan an depi Sal a Manje Ofisyel Mezon Blanch la, 31 Out, 2021.

Prezidan Etazuni Joe Biden Defann yon lot fwa anko, desizyon li pran pou'l mete fen nan lage Afghanistan an ki dire 20 an. "Mwen patapral pwolonje lage sa a enfiniman e mwen patap pwolonje depa nou vitam etenam non plis," Biden deklare.

"Ye swa Lezetazuni mete fen nan 20 an lage nan Afghanistan," Biden anonse depi Mezon Blanch la. Li ajoute se lage pi long peyi Etazuni janm fe.

Biden Defann Fason li Jere Retre Solda Ameriken Nan Afghanistan
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:13 0:00


Pa rapo ak evakyasyon Ameriken ak Afghan apre Taleban an te pran pouvwa a, BIden deklare "Nou konplete youn nan pi gran operasyon ayeryen nan listwa nou, kote nou evakye plis pase 120,000 moun sen e sof. Okenn peyi poko janm fe yon bagay konsa," prezidan an ajoute.

Pandan plizye semenn, Biden ak lot manm administrasyon li an te diskite sou posibilite pou Etazuni ta rete pi lontan. Yo te diskite sou defi yo ak benefis yon kokenn chenn operasyon pou evakye plis sitwayen Ameriken ak sivil Afghan soti nan peyi a fas ak menas kredib.

"Tout manm chef deta majo nou - san manke youn - ak tout komandan nou yo nan Afghanistan te rekomanse pou nou fini evakyasyon an nan dat nou te prevwa a," Prezidan Biden di. "Opinyon yo sete ke mete fen nan misyon milite nou an se pi bon fason pou pwoteje lavi twoup nou yo epi asire sivil yo kapab kite peyi a sen e sof nan semenn ak mwa kap vini yo.

"Taleban an pran angajman pou kite moun kite peyi a sen e sof, e le mond pral egzije yo kenbe pwomes sa a," Biden ajoute.

Desizyon prezidan an pran pou'l respekte dat limit 31 Out li te fikse a soulve kritik bo kote opozan politik li yo ak kek alye tou. Depa a vini kek jou selman anvan Etazuni komemore 20e anivese atak teworis 11 Septanm 2001 an, ki te lakoz Ameriken te pran desizyon voye twoup nan peyi Afghanistan pou jwenn e puni teworis al-Qaida ki te planifye atak la epi militan Taleban yo ki te ba yo abri.

XS
SM
MD
LG