Accessibility links

Breaking News

Biden: 'Colin Powell te Jwe yon Wòl Ideyal pou Diplomasi Ameriken ak Lame'


Foto Achiv: Colin Powell.
Foto Achiv: Colin Powell.

Colin Powell, yon ansyen Sekretè Deta Ameriken ak Chef d'Eta Majò Lame ameriken an, te mouri a laj de 84 an. Li te gen on gwo enpòtans pou diplomasi Etazuni an. Sèvis fineray li ap fèt Vandredi 5 novanm nan Katedral Nasyonal Washington nan.

Ansyen sòlda Powell te "yon patriyòt ki gen onè ak diyite san parèy" men tou "yon zanmi ke m te renmen anpil", deklarasyon prezidan Demokrat la.

Colin Powell, te mouri avek konplikasyon Covid-19, "li te mete peyi a devan tèt li, anvan pati a, anvan tout lòt bagay" .

Colin Powell se te premye Afriken Ameriken ki te sèvi kòm eta majò lame a soti 1989 pou rive 1993, aprè li te vin premye sekretè deta nwa pou peyi etazini sou prezidan George W. Bush.

Li te pran distans li ak Pati Repibliken an nan ane 2008, li te sipòte kandidati Barack Obama, Hillary Clinton, epi Joe Biden.

Sèkèy ansyen Sekretè d'Eta Etazuni Colin Powell gen yon drapo ki vlope l nan moman y ap antre avè l nan Katedral Nasyonal la pou fineray li nan Washington, Vandredi 5 Nov. 2021.
Sèkèy ansyen Sekretè d'Eta Etazuni Colin Powell gen yon drapo ki vlope l nan moman y ap antre avè l nan Katedral Nasyonal la pou fineray li nan Washington, Vandredi 5 Nov. 2021.


Sèvis fineray pou ansyen Sekretè Deta Colin Powell ap fèt Vandredi 5 novanm nan Katedral Nasyonal Washington lan.

XS
SM
MD
LG