Accessibility links

Breaking News

Biden Avèti Putin: Larisi ap Peye 'Sa Chè' Si li Anvayi Ikrèn


biden putin
biden putin

Prezidan Ameriken Joe Biden Samdi te di ke li te di Prezidan Ris Vladimir Putin ke Larisi ap Peye 'Sa Chè' e yap fè fas a konsekans ekonomik ki grav si li anvayi Ikrèn.

Biden te di laprès posiblite pou voye twoup Ameriken nan Ikrèn nan kad yon envazyon Larisi "pa sou tab la," byenke Etazini ak Òganizasyon Trete Nò Atlantik la ta oblije voye plis fòs nan peyi manm l'OTAN bò lès pou ranfòse defans yo.

"Mwen te fè li absoliman klè bay Prezidan Putin . ke si li Anvayi Ikrèn, ap gen konsekans ekonomik grav pou ekonomi peyi LaRisi".

Biden, ki te pale ak Putin pa telefòn pandan de zè'd tan semèn pase a, te Lanse yon Pinga bay Putin si Larisi Atake Ikrèn.

Minis Zafè Etranje ki soti nan G7, te voye Samdi yon mesaj menm jan an bay Moskou apre yon reyinyon nan Liverpool, avètisman sou konsekans terib pou nenpòt ensizyon epi mande Moskou pou li retounen sou tab negosyasyon an.

XS
SM
MD
LG