Benjamin Arellano Felix, yon gwo bawon dwòg Meksiken ki puisan, plede koupab nan yon tribinal federal ameriken nan San Diego Kalifòni anba akizasyon raketè ak konplo pou blanchi lajan.
Nan dokiman an ki gen 17 paj Arellano rekonèt li te fè antre ankachèt sou teritwa ameriken plizyè tòn kokayin ak marijuana epi konplote pou blanchi plizyè milyon dola.
Antant la mande pou l renmèt 100 milyon dola benefis li te fè nan lavant dwòg . Akize a kapab pase 25an prizon lè li retounen nan tribinal 2 Avril 2012 la.