Nan peyi Bahreïn, lapolis anti-emeut lanse, byen bonè jedi 17 fevriye 2011 la, yon operasyon sere-boulon sou prensipal plas piblik kapital la, Manama, kote yo kouri dèyè plizyè milye manifestan ki te enstale divès kan epi yo t ap pwoteste pou egzije gwo chanjman politik nan peyi a ke yon wa ap dirije.
Daprè kèk temwen, gen o mwen 4 moun ki mouri. Fòs sekirite yo te tire gaz lakrimojèn, yo lanse grenad ki bay lafimen, ak boulèt an kawoutyou, pandan yo t ap fonse sou plas piblik la anvan solèy te leve pou yo atake manifestan yo ki se moun ras chiyit pou pi fò e ki te pran pozisyon sou plas la depi madi pase a.
Nouvèl yo di pami manifestan yo te genyen fanm ak timoun. Yo kouri lopital ak anpil nan moun ki blese yo.