Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Seyans Miz ann Akizasyon Prezidan Jovenel Moïse nan Chanm Bas la Ap Rapousuiv


Chanm Depite Ayisyen an
Chanm Depite Ayisyen an

Biwo chanm depite a fikse pou jodi lendi 12 Out 2019 la dat repriz seyans miz annakizasyon prezidan Jovenel Moise la ki te diskontinye mèkredi 7 out 2019 la.

Manm gwoup 20 depite akizatè yo, Jean Marcel Lumerant di pap gen seyans si prezidan biwo a chanm bas la Gary Bodeau pa ba depite yo dokiman yap mande a kap pèmèt yo pwouve tout bon vre prezidan Jovenel Moise vyole konstitisyon an.

Depite Opozisyon yo Di Pap Gen Seyans Si Prezidan Chanm nan Pa Bay Dokiman pou Miz ann Akizasyon an
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:21 0:00

Sou bò pal, yon depite pwòch pouvwa an plas la, Jacques Beauvil di, seyans sa a pap abouti ak anyen paske poko gen lwa daplikasyon relativ ak wòt kou jistis la.

Depite Jacques Beauvil Di Dosye Miz ann Akizasyon Prezidan J. Moise la Se yon "Bèl Syans san Konsyans"
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:07 0:00

XS
SM
MD
LG