Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik : Prezidan Privert Anonse Fòmasyon Yon Komisyon Evalyasyon Elektoral


Prezidan Pwovizwa Ayisyen an, Jocelerme Privert.
Prezidan Pwovizwa Ayisyen an, Jocelerme Privert.

Nan yon rankont ak reprezantan divès sektè nan vi nasyonal la, Prezidan Jocelerme Privert anonse, nan jounen mèkredi 6 avril 2016 la, kreyasyon yon komisyon pou evalye eleksyon lejislatif ak prezidansyèl ki te dewoule nan fen ane 2015 la. Aksyon pouvwa egzekitif la antre nan kad aplikasyon Akò 5 Fevriye 2016 la ki te pote Misye Privert sou pouvwa a. Anpil sektè –pami yo genyen pati politik la—pat sispann mande komisyon sa a e gen ki menm menase pou yo lanse kèk modòd manifestasyon si gouvènman pwovizwa a pa kreye antite sa a.

Anpil manm sena ayisyen an lanse apèl bay Prezidan Privert pou mande l aplike Akò 5 Fevriye a, espesyalman kloz ki mande kreyasyon yon komisyon endepandan pou re-evalye rezilta eleksyon yo. Palmantè yo lanse apèl sa a menm jou kote chef-deta ayisyen an anonse fòmasyon komisyon an pou jou kap vini la yo.

Patizan pati PHTK (pati ansyen Prezidan Michel Martelly a) mande Prezidan Privert rete kole ak dispozisyon Akò 5 Fevriye a ki mande pou yon 2èm tou eleksyon prezidansyèl la dewoule ant kandida pati a, Jovenel Moise, ak kandida pati LAPEH a, Jude Célestin –swa 2 kandida ki te okipe premye ak 2èm plas nan eleksyon ki te dewoule le 25 oktòb pase a. Kèk obsèvatè panse manm PHTK yo prese lanse apèl sa a paske yo byen konnen li posib pou yon re-evalyasyon rezilta eleksyon an pa favorize kandida yo a. Lidè PHTK yo anonse yon pwotestasyon pou jounen jedi 7 avril la.

Jedi 7 avril 2016 la se Jounen Mondyal Lasante. Nan okazyonan, responsab yo nan Fondation Haitienne de Diabète et des Maladies Cardovasculaires lanse yon kanpay motivasyon ak edikasyon pou fè piblik la konnen kijan pou l pwoteje tèt li kont maladi sa yo oubyen kijan pou yon moun jere yo si li deja malad.

Anfen, jedi 7 avril la raple anivèsè lanmò Toussaint Louverture, ewo nasyonal ayisyen e prekisè endepandans peyi d Ayiti. Nan okazyon an, Lavwadlamerik fè yon entèvyou ak Pwofesè Frantz Antoine Leconte kap anseye nan Inivèsite CUNY (City University of New York) e ki ede nou mete Toussaint nan plas li okipe nan Istwa Dayiti an patikilye ak istwa lemond an jeneral.

XS
SM
MD
LG