Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Popilasyon Ankolè Touye 4 Prezime Kidnapè Pandan yon Te nan Men Lajistis


 Yon manm gang kap mache ak yon gwo zam nan men l apre yon lese frape ak militè Nasyon Zini yo Foto achiv: 22 desanm 2006. (REUTERS/Eduardo Munoz)
Yon manm gang kap mache ak yon gwo zam nan men l apre yon lese frape ak militè Nasyon Zini yo Foto achiv: 22 desanm 2006. (REUTERS/Eduardo Munoz)

4 prezime kidnapè mouri anba dife kèk moun nan popilasyon an ki te ank kolè. Lapolis ak jistis te arete yo prezime kidnapè yo epi fèmen yo nan Komisarya Boukan Kare a.

Yon gwoup moun nan popilasyon an rantre pran prezime kidnapè yo. Rès sispèk swa gang kidnapè yo ta pran lafuit nan moman popilasyon an tap lenche 4 nan prezime yo. Jij de pè a, Me Hosnac Degrave, estime la jistis te arete mesye yo pou kidnaping sou yon jèn gason, plis vol, vyol ak asosyasyon malfektè.

Me Degrave di yo jwenn nan posesyon sispèk yo : 2 zam, plizyè cheval, bef, kabrit peyzan yo te pran. Ensidan sa a rive nan komin nan moman manke polis nan komisarya a dapre korespondan Lavwadlamerik Jean Christipher Collegues.

XS
SM
MD
LG