Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politk-Ekonomi: Senatè Youri Latortue Pwomèt Efò pou Rive Vote Pwojè Lwa ki nan Nouvo Kalandrye Palman an


Prezidan Asanble Nasyonal Ayiti a, Senatè Youri Latortue
Prezidan Asanble Nasyonal Ayiti a, Senatè Youri Latortue

Palman ayisyen an louvri lendi 12 Jen 2017 la. Prezidan asanble Nasyonal la, Senatè Youri Latortue, pwomèt li pral miltipliye efò pou Palman an vote pwojè ak pwopozisyon lwa ki figire nan kalandriye a.

Bò kote pal, Premye Minis ayisyen an Jack Guy Lafontant te depoze epi prezante bilan aksyon gouvènman an mennen depi li rive nan tèt peyi a nan mwa Mas 2017 la.

Sepandan, Ekonomis Edzer Emile eksprime dout li genyen sou kapasite nouvo gouvènman an pou rive ekzekite Bidjet Rektifikatif 2016-2017 la. Dapre ekonomis la, "fèb resèt fiskal, retisans kominote entènasyonal la, ak enkapasite leta a pou ranmase lajan taks yo" se prensipal obstak ki kapab anpeche ministè ekonomi ak finans ekzekite bidjè rektifikatif la.

Deklarasyon Ekonomis Ayisyen Edzer Emile sou Bidjè Rektifikatif 2016-2017 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:15 0:00

XS
SM
MD
LG