Accessibility links

Breaking News

Enkyetid Lidè Kominotè yo nan Dyaspora a devan Kriz Politik la ann Ayiti


Nan dyaspora ayisyèn nan Ozetazini, lidè kominotè reyaji avèk tristès devan sa yo konsidere kòm gravite sitiyasyon k ap devlope nan peyi natal yo. Menm jan avèk anpil konpatriyòt k ap viv lakay, lè yo mande kisa demen ap pote pou Ayiti, ki avni ki devan nasyon an, kesyon yo rete san repons.

Entèvyou Yves Mompremier avèk Pastè Carol Bernardin sou Sitiyasyon an ann Ayiti - 28 Nov. 2018
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:22 0:00

Nou pwopoze yon egzanp ki montre reyaksyon lidè sa yo avèk Yves Mompremier, korespondan nou nan pati santral Eta Florid. Yves ap pataje avèk nou opinyon Reveran Carol Bernardin, pastè Egliz Baptis Ayisyèn "Filadèlfi" nan Orlando. Lidè relijye a plede pou yon antant nasyonal ki mete tout sektè ansanm pou tabli lapè nan sosyete a epi kreye klima ki nesesè pou touris ale ann Ayiti, pou òmdafè etranje al envesti nan peyi a.

XS
SM
MD
LG