Accessibility links

Otorite yo ann Ayiti Ap Akselere Kreyasyon yon Lòt Fòs Sekirite ki Pral Travay Akote Polis Nasyonal la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moise, (adwat) ak Prezidan Sena a, Youri Latortue, (agoch) nan Pòtoprens, Ayiti. (Foto: VOA kreyòl Sèvis)

Minis Defans ayisyen an, Herve Denis, konfime gen preparasyon kap fèt pou mete sou pye yon lame ki non sèlman ap ranplase kontenjan militè Misyon Nasyon Zini pou Lapè ann Ayiti a (MINUSTAH), men tou travay nan tèt kole ak polis nasyonal la.

Anons sa a fèt malgre kominote entènasyonal la an patikilye Etazini te deklare peyi Dayiti pa bezwen yon lame.

Youn nan moun ki nan tèt mouvman an se Senatè Jean Renel Senatus ki fè konnen Ayiti pa bezwen èd lòt peyi pou l fè pwòp lape pa l.

Senatè Ayisyen Jean Renel Senatus
Senatè Ayisyen Jean Renel Senatus

Bò kote pal, prezidan Gran Kò a, Senatè Youri Latortue, ki te rankontre Prezidan Chilyen an Michelle Bachelet pandan vizit li nan peyi a, di, “Chili pral ede Ayiti ak pwojè pou rekonstri fòs lame li a.”

Lide pou retounen ak yon nouvo lame jwenn sipò plizyè lòt palman ayisyen ki fè konnen yo deja mete yon fon disponib pou sa.

Reginald Delva, yon ansyen kad Lame Dayiti (FADH), dakò pou peyi a gen yon lame ki pral gen pou misyon pwoteje fwontyè yo kont kontrebann epi asiste popilasyon an lè gen dezas natirèl pa egzanp.

Sepandan Etazini ki se youn nan peyi k ap finanse Polis Nasyonal la (PNH), pa wè nesesite pou peyi a gen yon fòs militè menm lè desizyon final la se nan men otorite ayisyen yo li ye. Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti Kenneth Merten ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik sou menm dosye lame a fè konnen otorite yo ann Ayiti ta dwe ranfòse polis nasyonal la olye pou retounen ak yon lame.

​Ekonomis Harry Fouche ale nan menm sans ak Anbasadè Merten kote li di li kwè peyi a dwe rezoud yon seri pwobèm avan li mete sou pye yon nouvo fòs ame.

Prezidan Jean Bertrand Aristide te pran desizyon pou l demantibile enstitisyon Lame Dayiti a (FADH) apre li te retounen nan peyi a nan ane 1994 pou l fin konplete manda 5 kan li an anba pwoteksyon militè Ameriken ak Nasyon Zini yo.

Lame Dayiti te fòse Mesye Aristide kite pouvwa nan yon kou deta nan mwa septanm 1991, kèk mwa apre li te fin prete sèman kòm premye prezidan demokratikman eli, apre depa rejim Jean Claude Duvalier a sou pouvwa ann Ayiti.

Gras ak sipò peyi Ekwatè, administrasyon Michel Martelly a te rive kreye yon ti fòs zame ki se Kò-di-Jeni, e nouvo gouvènman Moise/Lafontant an deja montre li pare pou fini travay kreyasyon enstitisyon militè a yo kwè ki se yon aksyon ki reponn ak ekzijans manman lwa peyi a.

XS
SM
MD
LG