Ayiti kalifye apre viktwa 2 a 0 li ranpòte devan peyi òganizatè a Sengapour. Jean Bonhomme ak Daniel Gedeon make gòl seleksyon nasyonal ayisyen an.
Bolivi jwen kalifikasyonn apre li kale Montenegro 3 a 1. Final la fikse pou mèkredi 25 out. N ap raple nan premye match la Bolivi te krabinen seleksyon Ayiti a 9 a 0.
Nan match de klasman an k ap jwe 25 out la Montenegro kont Sengapour epi 23 out Vanuatu kont Zimbabwe. 6 peyi te patisipe nan premyè edisyon je zolenpik jè n mwen de 15 zan yo. Sengapour, Bolivi, Ayiti, Montenegro, Zimbabwe, Vanuatu.
Bò kote meda m yo Chili ap rankontre Guine Ekwatoryal pou meday dò a epi Turki kont Iran pou 3èm plas la.