Accessibility links

Breaking News

Ayiti Gen Premye Kadinal li, Evèk Okay la, Monseyè Chibly Langlois


Pap François kap salye fidèl yo apre lamès nan legliz Non pi Sen Jezi a nan vil Wòm 3 janvye 2014.
Pap François kap salye fidèl yo apre lamès nan legliz Non pi Sen Jezi a nan vil Wòm 3 janvye 2014.
Chèf Legliz Katolik Womèn nan, Pap François, nonmen evèk vil Okay la, sidwès Ayiti, Monseyè Chibly Langlois, premye Kadinal ayisyen. Son Eminans, Kadinal Langlois, pral reprezante Ayiti nan Sakre-Kolèj la--pi gwo enstans Legliz Katolik la piske se la Kadinal yo reyini pou vote e eli yon Pap.

Souvren pontif la chwazi Mgr. Langlois (55 kan, aktyèl prezidan Konferans Episkopal Dayiti e ansyen evèk Fò-Libète) ansanm ak 19 nouvo Kadinal menm jou Ayiti komemore katriyèm anivèsè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te pran lavi plis pase 250 mil moun nan kapital aysiyen an, Pòtoprens, ak nan plizyè lòt vil peyi a.

Se premye nominasyon Pap François fè depi l rive nan tèt Leglis Katolik la nan mwas 2013. Souveren Pontif la, ki te pran nesans nan peyi Ajantin, nan Amerik Di Sid la, se premye Pap ki pa fèt sou kontinan ewopeyen ki monte sou twòn Sen-Pyè a nan plis pase mil ane. Pap François ki ranplase depi mas 2013 Benoît XVI adopte yon apwòch diferan ak apwòch konsèvatè tradisyonèl Vatican an.

Kounye a, Legliz katolik ayisyen an kanpe sou menm pye ak Legliz katolik Repi- blik Dominikèn nan ki gen nan tèt li, kadinal Nicolàs de Jesús López Rodrìguez, achevèk Santo-Domingo.

Se nan fen lapriyè langelis dimanch 12 janvye 2014 la, Pap François, anonse nominasyon nouvo Kadinal li pral konsakre ofisyèlman nan yon Konsitwa k ap tanmen 22 fevriye k ap vini an. Kadinal yo sòti nan 12 peyi diferan sou 5 kontinan yo pou "demontre rapò sere ki egziste ant Legliz Wòm nan ak lòt Legliz ki simaye toupatou sou planèt la", dapre dekla rasyon Souvren Pontif la.

Pap François anonse tou li pral selebre yon mès solanèl 23 fevriye ansanm ak nouvo Kadinal yo, men 20 ak 21 fevriye li pral dirije yon Konsistwa ak tout Kadinal--Konstitwa ki pral chita sou tèm "Lafanmi".
XS
SM
MD
LG