Accessibility links

Breaking News

Prezidan Privert New York pou Siyati Akò Pari a sou Chanjman Klimatik yo (COP21)


Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert.
Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert.

Prezidan ayisyen an, Jocelerme Privert, kite Pòtoprens nan apremidi jounen mèkredi 20 avril 2016 la pou l ale New York kote li pral patisipe nan seremoni siyati Akò Pari sou Chanjman Klimatik yo (COP21). Nan yon konferans pou laprès Misye Privert bay anvan li pran avyon an, li anonse anvan lontan gouvènman an pral pibliye lis non manm komisyon endepandan verifikasyon elektoral la.

NOUVEL AYITI POU JEDI 21 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTS
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:19 0:00

Ambasadè Lèzetazini ann Ayiti, Peter F. Mulrean.
Ambasadè Lèzetazini ann Ayiti, Peter F. Mulrean.

Anbasadè ameriken an ann Ayiti, Peter F. Mulrean, te youn pami diplomat "Peyi Zami Ayiti yo" ki vizite palman ayisyen an nan jounen mèkredi 20 avril la pou kèk diskisyon sou pwosesis elektoral la. Misye Mulrean pwofite okazyon an pou l repete pozisyon Lèzetazini sou lide kreyasyon komisyon endepandan verifikasyon elektoral la. Li fè konnen Lèzetazini “wè danje nan yon komisyon konsa ki, dayè, pa gen plas li nan Akò 5 Fevriye 2016 la.”

Reyaksyon depaman sòti nan palman ayisyen an aprè deklarasyon Anbasadè Peter Mulrean fè mèkredi sou kreyasyon evantyèl yon komisyon endepandan verifikasyon elektoral. Pa egzanp, Senatè Stephen Benoit rejte deklarasyon an kategorikman. Li di sèl baz diplomat etranje genyen pou yo pale nenpot ki jan de pwosesis elektoral la ann Ayiti, se paske kominote entènasyonal la ofri pi fò lajan ki nesesè pou finance eleksyon nan peyi a. Misye Benoit lanse apèl pou l mande endepandans peyi a nan domèn sa a.

Bò kote pa l, Senatè Youri Latortue pale nan yon sans ki montre li dakò ak diplomat ameriken an, menmsi li di lentènasyonal “pa gen dwa di nou sa pou n fè”. Daprè palmantè Latibonit ann Aksyon an, kreyasyon komisyon an pa nesesè, puiske genyen yon atik nan konstitisyon an (Atik 239.1) ki ofri yon altènativ pou yon komisyon konsa.

XS
SM
MD
LG