Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nouvo Apèl pou Ede Viktim Tranblemanntè Nòdwès yo 6 Mwa Apre

Yon nonm ak de timoun li ki kanpe sou galri kay yo ke tranblemanntè 6 oktòb la te domaje. tranblemanntè a te frape plis nò peyi Ayiti a nan fen samdi 6 oktòb la. Ayiti, 8 oktòb 2018, Pòdepè. Foto: REUTERS /Ricardo Rojas

Magistra prinsipal komin Bassin Ble a, Anthony Maniguat, nan yon rankont ak laprès vandredi 22 mars 2019 kontinye mande èd leta santral pou asiste viktim kite gen kay yo kraze ak fisire nan tranblemanntè 6 oktob pase yo.

Majistra prinsipal la, ki te pale nan mikwo korespondan Lawadkamerik nan Pòdepè Dieuseul Junior Louis, fè konnen li etone devan yon tèl sityasyon. 6 mwa aprè yon katastrof konsa fin pasé jouk jounen jodi a viktim yo lage pou kò yo.

Depatman nodwès la ki gen ladan l 10 komin se kèk nan yo kite epanye de katastrof la e premye sitwayen komin Bassin Ble a di li swete otorite konsène yo di yon mo pou tout viktim ki te frape anba tranblemanntè 6 oktob la ak kay yo kite kraze e kilakoz anpil nan yo se kay zanmi ak fanmi yo pare dòmi yo.

Yon repòtaj Dieuseul Junior Louis depi Pòdepè
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:44 0:00
Direct link

XS
SM
MD
LG