Nan yon rapò Biwo Nasyon Zini pou kesyon Dwa Zimen pibliye sa pa gne lontan, li di kèk manm PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) te mele nan vyolasyon dwamoun – e menm nan asasina – ant Oktòb 2010 ak mwa jen ane 2011 la.
Pòtpawòl adjewn Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Garry Desrosiers, di enstitisyon an pran dispozisyon pou l fè envestigasyon sou akizasyon sa yo. Li kontinye pou l di, genyen nan polisye yo ki deja nan prizon aprè kèk envestigayon yo te fè. Li fini pou l di otorite yo ap travay plis pou "epire" enstitisyon an sètadi y ap eseye netwaye PNH.
Klike sou ikon ki anlè e adwat atik la pou w koute deklarasyon pòtpawòl adjwen PNH la, Garry Desrosiers.