Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nasyonzini Mande Ankèt Sou Polisye ki ta Maltrete e Touye Moun Ilegalman


Ayiti: Nasyonzini Mande Ankèt Sou Polisye ki ta Maltrete e Touye Moun Ilegalman
Ayiti: Nasyonzini Mande Ankèt Sou Polisye ki ta Maltrete e Touye Moun Ilegalman

Biwo wo komisarya Nasyonzini pou dwazimen an lanse apèl pou mande yon ankèt prese-prese sou nouvèl ki fè konnen lapolis nan peyi Dayiti swadizan ta maltrete e touye moun.

Daprè 2 rapò Nasyonzini, sanble ajan polis ayisyen yo ta touye 9 moun ilegalman nan kapital la, Pòtoprens, ant mwa Oktòb 2010 a Jen 2011.

Pòtpawòl biwo Nasyonzini pou dwazimen an, Ravina Shamdasani, di Lavwadlamerik anketè yo kwè nan lanmò sa yo polisye yo te lafòs yon fason ilegal. Nan kèk ka, li ajoute gen siy ki montre polisye yo te egzekite viktim yo yon fason abitrè, san jijman ni avètisman.

Malgre prèv sa yo li di aksyon gouvènman an oubyen la jistis pran pou pousuiv ka responsab yo pa debouche sou okenn kondanasyon.

Mesye Shamdasani di:

"Gen kèk mezi ki pran pou ankete sou ensidan yo e gen kèk polisye ki ka parèt devan lajistis. Men pa gen oken kondanasyon jiskaprezan. Alaverite, gen kèk polisye ki responsab swadizan vyolasyon sa yo ki retounen nan djòb yo mènm anvan ankèt la fini.

Sa, sètenman pa meyè fason pou fè respekte lakwa e se pa meyè fason non plis tou pou fè publik la gen konfyans nan travay polis ayisyen an."

Shamdasani kontinye pou l di: "lapolis pa sanble li vize kèk gwoup byen detèmine ki pa gen abitid touye moun non plis."

XS
SM
MD
LG