Benedict Maturen jwe baskètbòl pou inivèsite Arizona. Premye ane li se tanzantan moun te ka wè talan ni antanke jwè. Mathurin se youn nan jwè kle ekip Wildcats la sezon sa a, e li tèlman jwe byen Asosyasyon Nasyonal Baskètbòl la (NBA) gen je brake sou li - yo taka chwazi'l pou'l jwe nan lig pwofesyonèl la.
Mathurin wo anpil, li mezire 6 pye 6 pous. Li tire balon an byen. Misye se jwè Arizona ki make plis pwen yo - swa 18,9 pou chak match. Met sou sa li fè 6,5 rebon e li fè 51% baskèt li tire yo dezyèm ane li.
"Fòk Benn pran san li pou'l devlope talan ni men kounyea misye jwe byen," antrenè Arizona Tommy Lloyd deklare. "Mwen kwè sèl bagay li bezwen se rete vijilan, konsantre sou sa lap fè e li jwenn bon rezilta. Lap tounen yon vre jwè baskèt."
Mathurin pran nesans nan peyi d'Ayiti men li grandi Montreal. Inivèsite Arizona te rekrite li pandan li te nan lise, e li te jwe baskèt nan Akademi NBA Amerik Latin nan, ki sitye nan Mexico siti, peyi Meksik.
Konfyans Mathurin ogmante sezon sa a, kote li te opòtinite jwe nan pi gwo match sezon an.
"Mwen santi tankou lè'm te fini sezon an mwen te oblije travay poukont mwen, men'm reyalize fok mwen fè ko-ekipye mwen yo konfyans," Mathurin deklare. "Fòk mwen gen konfyans ke yo ka wè kote'm ye e mwen ka jwenn yo tou. Objektif la se genyen, donk si mwen ka fè 20 pwen oubyen 5 pwen, sè'l sa ki enpòtan se genyen match la."
NBA a fè yon tiraj o sò chak ane pou chwazi nouvo jwè ekip lig pwofesyonèl yo.