Avyon konba l’OTAN bonbade pozisyon ki tou prè rezidans lidè peyi a, Kolonèl Moammar Gadhafi, genyen nan kapital Libi a, Tripoli aprè youn nan pitit-gason n yo fè konnen misye Gadhafi dispoze òganize yon eleksyon e li dakò pou l kite pouvwa a si l pèdi eleksyon sa a.
Ni rebèl libyen yo, ni Lèzetazini rejte òf sa a. Pitit-gason Gadhafi sa a rele Seif al-Islan Khadafi. Nan jounen jedi 16 jen 2011 la, pandan Ti Khadafi t ap pale ak jounal italyen Corriere della Sera (oubyen Jounal ki parèt nan Aswè a), li deklare eleksyon an ta kapab dewoule nan 3 mwa e obsèvatè entènasyonal t ap la pou garanti transparans vòt la.
Yon pòtpawòl opozisyon an, Abdel Hafiz Ghoga, bay chèn televizyon lang arab Al-Jazeera yon entèvyou kote li di lè ak moman eleksyon pase e depase kounyela a, paske konbatan mouvman rebèl la deja rive nan pa-pòt vil Tripoli. Se konsa tou yon ofisyèl ameriken wo-plase rejte lide eleksyon an.