Nan Libi, aviyasyon militè l’OTAN (Òganizasyon Trete Atlantik Nò a) rekòmanse atak li yo sou kapital la, Tripoli, apre yon poz tou kout.
Atak sa yo frape anpil pozisyon byen ta madi 14 jen 2011 la. Daprè kèk temwen, moun te ka tande gwo eksplozyon nan mitan vil la, menm jan yo te ka wè gwo lafimen ki t ap monte nan syèl la.
Medya Leta libyen an fè konnen bonbadman yo touche kèk zòn kote sivil abite, e nouvèl yo pale de moun ki viktim.