Nan peyi Lejipt, vis-prezidan an, Omar Suleiman, fè konnen gouvènman an pap tolere pwotestasyon anti-gouvènmantal dewoule yon fason pwolonje sou prensipal plas piblik kapital la, Lekèr -- ann palan de Plas Liberasyon an--- kote plizyè santèn de milye moun te rasanbe yè madi 8 fevriye 2011 la nan kad dènye efò yo fè pou dechouke Prezidan Hosni Mubarak ki sou pouvwa depi preske 30 tan.
Ajans nouvèl MENA -ke Leta ejipsyen an ap kontwole-- site misye Suleiman ki ta di kòmkwa kriz 16 jou pwotestasyon anti-Mubarak pwovoke, fèt pou pran fen osito ke posib. Vis-prezidan an fè deklarasyon sa a byen ta madi 8 fevriye 2011 la pandan li tap pale ak plizyè responsab jounal. Se konsa tou, laprès site vis-prezidan an ki ta fè konnen gouvènman an pa vle sèvi ak «teknik lapolis » pou l boule ak sosyete-a ; olye de sa, li ta pi pito sèvi ak dyalòg pou l eseye satisfè egzijans manifestan yo