Accessibility links

Breaking News

Angletè: 4 Moun pou Pi Piti Mouri nan yon Atak nan Kapital Britanik la, Lond


Lapolis ki sou plas apre atak ozalantou Palman an sou Pon Westminster nan Lond peyi Grand Bretay, mèkredi 22 mas 2017. REUTERS/Stefan Wermuth.
Lapolis ki sou plas apre atak ozalantou Palman an sou Pon Westminster nan Lond peyi Grand Bretay, mèkredi 22 mas 2017. REUTERS/Stefan Wermuth.

Ann Angletè, pòt Palman an te fèmen apre yon ensidan otorite yo konsidere tankou yon zak teworis

Otorite yo nan Grann Bretay bloke perimèt ki antoure chanm dè komin nan kidonk palaman an ki nan Lond kapital Britanik la apre nouvèl yo te fè konnen gen kout zam ki tap tire nan zòn an.

Temwen ak fotograf montre 2 viktim ki blese e san yo tap koule san rete sou pon Westminster a. Dapre otorite yo, lapolis te reponn prezan nan zòn kote ensidan an te rive a. Prezidan Chanm Bass Grand Bretay la, David Lidington, di la polis ouvè kout zam e touye yon asayan. Gen lòt zak vyolans otorite anrejistre tou andedan lokal palman an, kote yon polisye blese anba kout ponya yon asayan.

Bò kote pa l, ajans nouvèl Associated Press fè konnen yon veyikil te pote boure sou plizyè moun ki tap pase sou pon Westminster a.

XS
SM
MD
LG