Accessibility links

Breaking News

2 Atak Teworis nan yon Sèl Katye nan Siri Touye Plizyè Dizèn Moun


Militan gwoup Rebèl yo nan zòn al-Bab nan Siri, 8 fevriye 2017. REUTERS/Khalil Ashawi.
Militan gwoup Rebèl yo nan zòn al-Bab nan Siri, 8 fevriye 2017. REUTERS/Khalil Ashawi.

Yon 2èm atak kamikaz ak machin pyeje fèt vandredi 24 fevriye 2017 la nan menm zòn ak premye eksplozyon kite fè nan Siri tou pre vilaj siryen Al-Bab la.

Atanta sa yo entèvni yon jou apre sòlda tirk ak alye yo te sezi kontwòl pifò rejyon stratejik ki te anba men militan islamik yo.

Bilan viktim yo monte rive nan 65 antou, pami yo anpil sivil, konbatan rebèl, mete ak 2 sòlda tirk, dapre medya lokal ak responsab nan gouvènman Latirki a.

XS
SM
MD
LG