Accessibility links

Breaking News

Atak Militan nan Bakouba, Irak - Bilan : 7 Mò ak 15 Blese


Atak Militan nan Bakouba, Irak - Bilan : 7 Mò ak 15 Blese
Atak Militan nan Bakouba, Irak - Bilan : 7 Mò ak 15 Blese

Nan Irak, lapolis fè konnen omwen 7 moun mouri e plis pase 15 lòt blese aprè yon gwoup rebèl te lanse yon atak-daso madi 14 jen 2011la sou yon biwo-leta nan vil Bakouba, nan pwovens Diyala.

Daprè kèk temwen, atakan yo fè 2 machin ki te chaje ak eksplozif sote tou pre antre batiman an.

Atak sa a fè moun ap poze plis kesyon sou kapasite lame ak lapolis Irak, nan moman twoup militè ameriken yo ap fè preparasyon pou yo kite peyi a nan kèk mwa sèlman.

Nouvèl yo fè konnen moun te ka tande koutzam ki t ap pati aprè atakan yo te antre nan building nan.

Daprè menm nouvèl yo, sanble atakan yo ta pran kèk moun ann otaj; men detay sou enfòmasyon sa a pa fin klè.

XS
SM
MD
LG