WASHINGTON, DC —
Yon kamikaz atake yon lokal lame anwole moun nan Sant Irak. Bilan: omwen 12 moun mouri e 25 lòt blese.
Eksplozyon an ki fèt nan Sant kapital la, Baghdad, rive nan moman lame te koumanse enskripsyon pou nouvo rekri ki te vini pou wè kijani yo ka antre nan enstitisyon militè a.
Okenn gwoup poko revandike atak la.
Atanta a rive apre plizyè fiziyad ki, yè, pran lavi 12 sòlda pou pi piti nan Diyala--yon ti pwovens nan nò kapital la.
Lame irakyèn nan angaje nan yon fas a fas ak militan islamik yo ki pran kontwòl divès rejyon nan vil Falludja ak nan Ramadi.
Premye minis Nouri al-Maliki, lanse apèl bay milis lokal nan rejyon majorite Sunit la kontwole nan lwès Bagdad yo pou mande yo chwazi sa li rele «bon kan» e ede gouvènman an nan lit lap mennen kont militan islamist yo.