La polis nan sidwès La Frans fè konnen yon granmoun ak 3 timoun mouri apre yon nèg ame te ouvè koutzam devan yo lekòl prive jwif nan vil Toulouz.
Otorite yo di yon moun pou pipiti blese devan lekòl la kote paran yo te depoze ti moun yo bonè lendi maten. Daprè yon pòtpawòl lapolis, nèg ame a rive chape poul li sou yon motosiklèt.
Atak la rive apre 3 sòlda te mouri e 2 lòt te blese nan 2 ensidan separe ki te fèt anvan sa nan menm rejyon an. Nan 2 atak sa yo tou, yon nèg ame, ki te sou yon motosiklèt, te rive kouri san otorite yo pat rive mete men sou li.
Lapolis di analiz balistik ki fèt sou viktim yo montre se menm zam nan ki te sèvi nan 2 premye atak ame sa yo. Moun poko konnen egzatteman si atak ki fèt lendi maten an gen rapò ak 2 lòt yo.