Yon eksplozyon nan lès Pakistan touye 8 moun pou pi piti e blese 20 lòt nan dat jedi 23 fevriye 2017 la. Eksplozyon an fèt nan yon mache pwodui chè nan vil Lahore.
Otorite pakistanè yo fè konnen koz eksplozyon an pako klè, e li fèt yon jou apre Pakistan te lanse premye operasyon militè li nan tout peyi a “pou dechouke menas teworis”.
Pakistan sibi yon pakèt eksplozyon kamikaz ak atak militan, ki detwi lavi 130 moun pou pi piti nan kèk semèn ki pase yo. Yon gwoup militan ki se pwodui Taliban-Pakistan ak gwoup Eta Islamik la revandike responsablite pou atak sa yo.