Accessibility links

Breaking News

Asistans Bay Atlèt Ameriken yo Lè yo Pran Retrèt yo


Asistans Bay Atlèt Ameriken yo Lè yo Pran Retrèt yo
Asistans Bay Atlèt Ameriken yo Lè yo Pran Retrèt yo

Yon antreprenè ameriken mete ak Inivèsite Pensylvani e ak Lig foutbòl pwofesyonèl ameriken an pou pote asistans bay atlèt ameriken yo lè yo fin pran retrèt yo.

Atlèt pwofesyonèl yo Ozetazini touche plizyè milyon dola pandan karyè yo. Sepandan, estatistik yo montre pi fò nan yo fè fas ak yon seri difikilte pandan yo nan retrèt yo. An 2005, Morvarid Taheripour, ki se yon antreprenè-fannm, ak plizyè kòlèg nan Depatman Jesyon Administratif Univèsite Pennsylvani an, te mete sou pye yon program pou ede atlèt yo anbrase yon lòt karyè apre yo fin pran retrèt yo. Inivèsite a te travay ak Lig Foutball Zèpòl Kare Ameriken an pou lanse pwogram Jesyon Administratif ak Antreprenè a.

Depi yo te lanse pwogram nan an 2005, plis pase 200 atlèt déjà patisipe ladan n. Atlèt yo fè konnen yo prefere anbrase yon karyè kap ede piblik la idantifye yo pa gras ak numewo yon ekip kole nan do l, men gras ak travay li kòm yon antreprenè. Pou kèk pami atlèt yo, se yon bagay toutafè naturèl pou yo plike konesans yo te rasanble sou teren an pandan karyè spòtif yo; men gen lòt ki echwe nan travay sa a.

Obsèvatè yo fè konnen yon atlèt mouri 2 fwa lè l mete fen nan karyè l, paske se fen yon vi li pase lontan ap mennen, anvan li konnen lanmò fizik li. Pou Madam Taheripour, yon atlèt dwe bati yon eritaj pandan karyè li; paske, kèlkeswa longè tan li pase ap evolye nan yon disiplin, li se yon moun ki oblije kontinye viv apre l fin mete fen nan karyè l.

XS
SM
MD
LG