Madi 8 mas 2011 la se jounen entènasyonal medam yo. Ane 2011 la se yon ane espesyal ki make 100 tan depi yo te kòmanse selebre jounen sa a sou plan entènasyonal.
Se yon selebrasyon ki dewoule tou patou nan lemond pou atire atansyon sou reyalizsyon medam- yo nan domèn ekonomik, politik e sosyal --kit se reyalizasyon pase ou prezan, ak pwogrè fanm yo va fè nan lavni.
Tèm jounen sa a se <<Fanm : Prezans Endispansab>>. Anpil pwogram sou pye nan peyi Dayiti pou make jounen sa a.
Nan okazyon sa a, Marie Luce Pierre pale ak Barbara Guillaume, chantèz e sanba byen koni, ki se Kowòdonatris jeneral biwo teknik fanm nan peyi Dayiti.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Marie Luce Pierre ak Barbara Guillaume.