Accessibility links

Breaking News

52 Moun Mouri nan Yon Atak-Suisid nan Afganistan


Yon nèg k ap pote yon timoun ki blese aprè bonbis kamikaz sote eksplozif ki te sou li yo tou prè chapèl Aboul Fazel, kote pèlren te rasanble pou yo selebre fèt Ashoura nan chapèl la
Yon nèg k ap pote yon timoun ki blese aprè bonbis kamikaz sote eksplozif ki te sou li yo tou prè chapèl Aboul Fazel, kote pèlren te rasanble pou yo selebre fèt Ashoura nan chapèl la

Nan Afganistan, otorite yo fè konnen 52 moun pou pi piti (pami yo gen fanm ak timoun) mouri nan yon atak-suisid ki fèt sou yon chapèl chiyit anba lavil kapital la, Kaboul.

Responsab afgan fè konnen yon bonbis kamikaz sote eksplozif ki te sou li yo tou prè chapèl Aboul Fazel, kote pèlren te rasanble pou yo selebre fèt Ashoura nan chapèl la.

Plis pase 100 moun blese nan eksplozyon nan. Kèk temwen ki te sou plas fè konnen lopital nan rejyon an pa gen kote pou yo mete moun ki blese.

Yon rezidan nan kapital la, Shah Hussein, pale pou l di; li mennen yon blese lopital pou l resevwa swen medikal, sepandan, pat geneyen okenn tretman ki disponib lòtbò a.

XS
SM
MD
LG