Accessibility links

Breaking News

47 Gòl Make Pou 2èm Jounen Elimanatwa Ewo 2012 La


Itali kale Il Feroe yo 5 a 0. Fanatik anglè yo te kontan tou apre viktwa 3 a 1 Angletè ranpòte an deplasman lakay la Swis.

Lafrans diminye presyon k ap peze sou seleksyon apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Bosni Herzegovinn. Almay pat gen pitye pou Azerbaijan yo tronse 6 a 1. Pòtigal pèdi 1 a 0 devan la Norjvèj. Bèl rankont se viktwa 3 a 2 la Tuki ranpòte devan Beljik.

Alman Miroslav Klose egalize kantite ak Frantz Beckenbauer kantite match li jwe pou seleksyon an ansanm yo tout an 4èm pozisyon ak yon total 103 match ansanm .

Miroslav bezwen jwe 6 lòt rankont pou mete l an 2 zièm pozisyon devan Jurgen Kholer ak Jurgen Klisman. Lothar Matthaus toujou nan tèt ploton an ak 150 rankont.

Pou sa ki gen rapò ak gòl Klose, gen yon lòt defi devann Gerd Muller ki make yon total 68 gòl aloske Klose gen yon total 55 gòl apre 2 gòl li make pandan rankont kont Azerbaijan.

Nan match amikal entènasyonal Espay tonbe fas anba devan Ajantin 4 a 1 -yon match antrenè chanpyon dimond la Vicente del Bosque kwè yo dwe tire yon leson.

Mèkredi 8 septanm 2010 la, Trinidad and Tobago ap rankontre Nijerya, Kore di Nò kont Chili, Almay kont Afrik di Sid epi Kore di Sid kont Meksik nan chanpyona dimond feminen U-17 kap dewoule nan Trinidad and Tobago.

XS
SM
MD
LG