Accessibility links

Breaking News

44 Mò, Plis 500 Arestasyon Se Bilan Vyolans Kap Sakaje Jamayik Depi Dimanch Pase a


Vyolans kap sakaje zile Jamayik la eklate apre gouvènman lokal la t'al eseye arete pou pimpe Ozetazini Christopher Coke, yon swadizan trafikan dwòg.

44 moun mouri e 500 lòt jwenn arestasyon yo nan zak vyolans ki eklate nan Jamayik (yon zile nan karayib la ki osidwès Ayiti) nan moman sòlda ak lapolis kontinye ap batay eseye mete men sou Christopher Coke (ki gen ti non Dudus) yon swadizan bawon dwòg Etazini ap bouske e mande Kingston voye ba li.

Depi dimanch zam marye e ap chante nan plizyè katye nan kapital jamayiken an, Kingston. Mèkredi, yon responsab nan gouvènman jan di ajans nouvèl Associated Press, li pa konnen si Coke, nèg y’ap chèche a, kite peyi a.

Vyolans kap sakaje zile Jamayik eklate apre gouvènman lokal la te eseye al arete pou pimpe Coke Ozetazini. Misye se swadizan lidè yon gang ki rele “ Shower Posse”, yon non ki makonnen ak pratik gang sa a ki se vide plon sou gang rival li pandan lagè kokayinn ane 80 yo. Lese-frape yo oblije lekòl ak komès la fèmen nan Kingston kote genyen yon eta dijans ki anvigè nan plizyè katye. Gouvènman an di sitiasyon an nòmal nan ayewopò entènasyonal la nan Kingston.

Lèzetazini pibliye yon “avi” pou envite sitwayen li evite vwayaje al nan Jamayik. Mèkredi, asistan sekretè Deta ameriken Arturo Venezuela te di jounalis yo Washington genyen konfyans otorite jamayiken yo ap jere sitiasyon an jan yo sipoze jere li. Anvan, pòtpawòl Depatman Deta, P.J Crowley te fè jounalis yo konnen Washington pa genyen enfòmasyon ki makonnen premye minis Bruce Golding ak Coke. Crowley di se premye minis la ki siyen lòd pou lapolis arete “sispèk la” e se anba lidèchip li gouvènman an ap chèche arete Coke.

Coke genyen anpil enfliyans nan yon distri Tivoli Gardens misye Golding reprezante nan palman jamayiken an. Madi, premye minis Bruce Golding te di palman an ke gouvènman “regrèt anpil” deske genyen moun ki pèdi lavi yo nan operasyon desant-de-lye a—espesyalman pami fòs sekirite ak pami sivil inosan, sitwayen ki respekte lalwa, e ki pran nan fe-kwaze. Li pwomèt aksyon djanm e desizif pou retabli lòd nan peyi a.

Lèzetazini ap chèche jwenn ekstradisyon Coke pou swadizan patisipasyon li nan trafik kokayin ak trafik zam. Otorite ameriken yo te voye mande gouvènman jamayiken an voye Coke ba yo nan mwa Out ane pase, men premye minis Golding, nan epòk la, te refize aji sou dosye a sou pretèks prèv Etazini prezante yo se prèv li te rekòlte yon fason ilegal.

Semèn pase, Golding te deside reponn moun k’ap kritike pozisyon sa a, e li pase lòd pou lapolis arete Coke e trennen l’ devan lajistis pou li' al fè depozisyon.

XS
SM
MD
LG