Accessibility links

Breaking News

32 Moun Mouri nan Yon Aksidan Avyon Nasyonzini


Rès avyon Nasyonzini an ki tiye 32 pasage nan lendi 4 avril 2011 la
Rès avyon Nasyonzini an ki tiye 32 pasage nan lendi 4 avril 2011 la

Yon responsab Nasyonzini fè konnen 32 moun peri lendi 4 avril 2011 la nan aksidan yon avyon òganizasyon an ki al kraze nan Repiblik Demokratik Kongo .

Pòtpawòl l’ONU Farhan Haq presize genyen yon suvivan nan aksidan sa a ki rive nan moman avyon an t ap eseye ateri nan Kinshasa, kapital peyi Kongo.

Responsab yo di te genyen yon gwo lapli nan zòn-nan lè avyon an te frape yon kote nan pis aterisaj la epi kraze an miyèt-mòso.

Anbasadè ameriken an nan l’ONU, Susan Rice, di li te vrèman touche lè li te aprann nouvèl aksidan an.

Madam Rice di ankò, lanmò travayè imanitè ak sòlda mentyan lapè yo nan aksidan sa a reprezante yon trajedi pou Nasyonzini ak tout pèp kongolè a.

XS
SM
MD
LG