Accessibility links

Breaking News

2èm Jou Selebrasyon Demisyon Prezidan Moubarak nan Egyp


Egypsyen yo selebre ak fedatifis demisyon prezidan egypsyen an, Hosni Moubarak
Egypsyen yo selebre ak fedatifis demisyon prezidan egypsyen an, Hosni Moubarak

Yon dam egypsyèn ak yon drapo peyi li ka p selebre devan yon tank lame egypsyen an sou plas Tahrir la, nan Lekèr. AP. 02/12/2011
Yon dam egypsyèn ak yon drapo peyi li ka p selebre devan yon tank lame egypsyen an sou plas Tahrir la, nan Lekèr. AP. 02/12/2011
Pou yon dezyèm nuit youn apre lòt, Egypsyen yo selebre ak fedatifis sou Plas Tahrir la, nan vil Lekèr, demisyon prezidan Hosni Moubarak ki abandonnen pouvwa a brid-sou-kou vandredi 11 janvye a apre 18 jou manifestasyon anti-gouvènmantal atravè peyi a. Nan yon deklarasyon li pibliye samdi apre midi sou televizyon leta a, lame egypsyen an di kabinè ministeryèl la pral rete anplas jiskaske yo nonmmen yon nouvo gouvènman. Lame a tou pran angajman pou l respekte tout akò ak trete Egypt te siyen.

Premye minis izraelyen an, Benjamin Netanyahu, akeyi ak satisfaksyon asirans Lame a ki di Egyp pral respekte akò lapè li siyen ak Eta Juif la. Prezidan ameriken an, Barack Obama, byen akeyi tou angajman lame egypsyen nan pou l asire yon tranzisyon demokratik sivil…e li deklare li kwè demokrasi pral pote plis stabilite (pa mwens) nan rejyon an. Lamezon Blanch fè konnen misye Obama te pale nan telefòn ak Chèf Deta Britanik, jòdanyen ak Turk la pou konnen opinyon yo sou dènye devlopman yo nan Egypt.

2èm Jou Selebrasyon Demisyon Prezidan Moubarak nan Egyp
2èm Jou Selebrasyon Demisyon Prezidan Moubarak nan Egyp

Otorite egypsyenyo di premye minis Ahmed Shafiq genyen pou’l bay yon konferans pou laprès dimanch. Nan fen mwa janvye a, ansyen prezidan Hosni Moubarak te retire misye Shafiq nan pòs minis aviasyon li te okipe pou mande l fòme yon nouvo kabinè a. Kèk nan òganizatè manifestasyon yo fè konnen yo pra l kontinye manifeste pou fè presyon pou genyen refòm nan Egyp, men yo di manifestasyon yo pa pra l dewoule chak jou. Ajans Asosyeted Press di ya p reklame demanbreman palman an ak kreasyon yon komite pou amande ou re-ekri konstitisyon an.

Antretan, Lachin reyaji ak pridans devan nouvèl demisyon prezidan egypsyen-an Hosni Moubarak e reklame stabilite pou Egypt. Pati kominis chinwa a pibliye kominike samdi kote li di “puisans etranje yo pa dwe foure bouch yo nan politik Egypt".

Media chinwa yo rapòte demisyon misye Moubarak la, men yo minimize “pwotestasyon ki debouche sou evènman sa a. Espesyalis yo di Lachinn kapab gen kè sote pou evènman nan Egyp yo pa deklannche menm kalte pwotestasyon yo kont gouvènman chinwa a. Sit entènèt chinwa yo te evite fè kòmantè sou rebelyon nan nasyon arab la.

Premye minis ostralyen an, Juliard Gillard, lanse apèl pou mande Egyp tabli yon kalandriye klè pou eleksyon lib e onèt.

Premye minis japonè a, Naoto Kan, di Japon espere Egyp pral jwe yon wòl pi konstriktif toujou nan Mwayen Noryan an ke nan le pase.

Yon pòtpawòl ministè afè etranjè Kore Di Sid la di Seoul respekte desizyon misye Moubarak pou l demisyonnen, e’l pwomèt gouvènman sid-koreyen an pral travay etwatman ak nouvo gouvènman egypsyen an.

Yon lòt kote nan peyi Aljeri, plizyè milye polis anti-emeut te eseye bloke samdi antre kapital aljeryèn-nan, Alje, pou anpeche militan yo òganize manifestasyon pwotestasyon tankou sa ki dewoule pandan 18 dènye jou yo nan peyi Egyp. Men manifestan yo defye kan menm baraj la e yo t al rasanble nan sant Alje kote yo t ap chante slogan “Bouteflika, rache manyòk-ou”. Bouteflika, se siyati prezidan aljeryen an, Abdelaziz Bouteflika. Nouvèl yo fè konnen manifestan yo te dè dizèn milye moun; men polisye anti-emeut yo te pi plis. Nouvèl yo rapòte anpil arestasyon nan moman fòs sekirite yo ta p kwape manifestan.

Pou analize dimansyon ak enpak evènman Egyp yo, Jacques Jean-Baptiste ap mande eckriven, pwofesè e analis politik Doktè Frantz Antoine Leconte degaje sans ak "portée" sa k pase vandredi a nan pi gwo peyi Arab nan Mwayen Noryan an.

NB: Fè yon klik sou ralonj mp3 ki anwo, adwat paj la pou w koute Dokt138 Leconte

XS
SM
MD
LG