Lagrès rive sou 2èm jounen yon grèv jeneral 48 tè ki sou pye pou moun yo pwoteste kont yon nouvo seri mezi mare-senti otorite yo dispoze mete an plas nan kad refòm yo vle fè nan peyi a.
Kèk nouvo kwonfwontasyon dewoule ant manifestan ak lapolis nan moman manm palman an ap fè deba sou plan premye-minis George Papandreu genyen pou l ogmante taks, koupe sou depans gouvènman an e vann kèk nan byen leta posede.
Yon afè de 20 mil moun te rasanble nan kapital la, Atèn, pou yo te patisipe nan manifestasyon ki, o kòmansman, te pasifik e ki te vire an kòbòy ann apre.
O mwen 4 mil polisye –ki te genyen nan men yo fizi, gas lakrimojèn avèk baton—tonbe nan lese-frape ak manifestan yo ki t ap voye kout-wòch ak bonm-dife sou yo. Daprè otorite yo, lapolis arete o-mwen 124 manifestan, e gen plis pase 20 moun ki blese.